|
Palman ayisyen
|
Bievenu

S’ak anpil plezi mwen akeyi w sou sitwèb sa a. Mwen kreye li nan lide pou
tabli yon mwayen anplis kap pèmèt ou menm ansanm avèk mwen nan anbyans nouvèl
teknoloji sa a pou n kominike, pataje tout kalte enfòmasyon epi kritike demach
ak travay map fè pou w, pou sikonskripsyon mwen gen lonè reprezante nan Palman
kise Kòniyon/Granbwa, pou palman epi tout nasyon an.
Wap kapab jwenn tou plizyè paj k'itil anpil sou plizyè keksyon nan fason pou
youn akonpaye lòt nan chimen devlopman chak grenn moun ak kominote kote n'ap viv.
Gen kèk lòt k' enteresan anpil tankou sila ki prezante komin Kòniyon/Granbwa epi
lavi piblik kou prive Depite a.
Mwen swete nou tout byen divèti nou epi m'ap tann sijesyon ak kritik nou tout,
mwen kwè se youn nan pibon mwayen k'ap jiden vanse pibyen!
Mèsi!

Lamarre Baptiste, Député
|
|